Jou 11 sou 30
Li renmen w tou
Lekti nan Bib la
pou nou ka konprann, ansanm ak tout pèp Bondye a, jan renmen Kris la laj, jan li long, jan li fon, jan li wo. 19 Wi, mwen mande pou nou rive konnen kalite renmen Kris la gen pou nou, atout pesonn p'ap janm ka rive konnen l' nèt. Konsa, n'a vin plen nèt ak tou sa ki nan Bondye.
Mwen te rankontre Steve lè nou te nan premye ane lekòl. Pou mwen, se te renmen depi premye kout je! Mwen sonje mwen te ba l yon gwo kat Sen Valanten jou Sen Valanten lè nou te lekòl primè. Mwen sonje mwen te konn fè kòmsi m marye ak Steve Clarke – mwen te konn fè kòmsi m se April Clarke, madanm Steve Clarke. (Mwen kwè April se te yon pèsonaj nan feyton televizyon The Edge of Night mwen te konn renmen an… hahaha)
Malerezman, Steve pa t santi menm bagay ak mwen jis byen pita – apeprè dizan apre. Gason yo lan, pa vre?
Li difisil lè w renmen yon moun e li pa renmen w tou.
Bon nouvèl la, sè ke lè w renmen Bondye, li toujou renmen w tou. An reyalite, se li ki te renmen w anvan. Li renmen w menm lè w pa merite renmen l. Renmen Bondye pou ou fon e li pa gen limit!
Lòt bon nouvèl la, sè ke Steve ak mwen te marye. Bondye tèlman bon. Bondye beni m ak yon mari estrawòdinè ki renmen m anpil.
Bondye beni w jodi a.
Refleksyon
Kisa vèsè sa yo di w sou jan renmen Bondye fon? Kouman lefèt ou konnen se li ki te renmen w anvan ankouraje w?
Lapriyè
Papa, mèsi paske ou te renmen m anvan menm m te renmen w. Ede m konprann plis jan renmen w laj, long, wo e fon. Kite renmen sa a byen chita nan kè m e fòme fason m renmen lòt moun. Amèn.