Jou 2 sou 30
Kisa w ap kache?
Mwen sere pawòl ou yo nan kè mwen, pou m' pa fè peche kont ou.
Anjeneral, lè nou kache yon bagay, se yon bagay ki pa bon n ap kache, tankou yon move abitid oswa yon vis. Oubyen petèt ou achte twòp soulye e ou kache yo nan pandri w! (LOL)
Men isit la, nan Sòm 119, otè sòm nan ap kache yon bon bagay: Pawòl Bondye. Li sere l nan kè l pou l ka reziste peche e viv nan obeyisans devan Seyè a.
Nou sere Pawòl li nan kè nou lè nou li l, lè nou medite sou li—sa vle di pran tan pou n reflechi sou sa l vle di—epi lè nou mete l an pratik.
Kouman nou fè konnen sa ki kache nan kè nou? Bon, anjeneral, lè yon sitiyasyon ki bay tèt chaje rive, nou dekouvri sa ki nan kè nou nan sa ki soti nan bouch nou. Gen yon lòt pasaj nan Bib la ki di: “Sa ki nan kè yon moun, se sa ki soti nan bouch li” (Matye 12:34, Bib La, moso). Lè w kanpe nan yon liy ki long, lè vòl avyon w an reta, oswa lè yon moun di w yon move pawòl, ou dekouvri sa ki kache nan kè w nan fason ou reyaji—nan sa ki debòde soti.
Ankourajman m pou ou jodi a, se pou kè w aliyen ak kè Bondye. Ou bezwen sere Pawòl li nan kè w. Lè Jezi te fè fas ak sitiyasyon ki te difisil anpil—moun t ap pase l nan rizib, moun t ap krache sou li—kouman l te reponn? Li te di: “Papa, padonnen yo. Yo pa konnen sa y'ap fè” (Lik 23:34, Bib La, moso).
Ann swiv egzanp Jezi. Ann pale Pawòl li e sere Pawòl li nan kè nou, pou lè nou travèse moman difisil, sa ki debòde soti se renmen Bondye.
Bondye beni w jodi a.
Refleksyon
Chwazi yon pasaj nan Bib la, oswa sonje youn ou deja konnen. Pran tan pou w reflechi sou sa l vle di. Kouman ou ka pran verite li a nan kè w e mete l an pratik lè w fè fas ak tantasyon oswa ak yon sitiyasyon difisil?
Lapriyè
Seyè, ede nou sere Pawòl ou nan kè nou. Ede nou konprann li e mete l an pratik, pou nou ka venk tantasyon ak peche nan lavi nou. Moutre nou swiv egzanp Jezi, pou n reponn sitiyasyon difisil yo ak renmen ou ak padon ou. Se pou sa ki debòde soti nan kè nou reflete ou. Amèn.