Jou 30 sou 30
Pwoteksyon ak pwovizyon
5 Pitit fi farawon an desann bò gwo larivyè a pou l' al benyen. Medam ki te avè l' yo t'ap mache bò larivyè a. Fi farawon an wè panyen an nan mitan touf wozo yo. Li voye sèvant li a al pran l'.
6 Li louvri panyen an, li wè ti pitit la: se te yon ti gason ki t'ap kriye. Kè l' fè l' mal pou li. Li di: -Se yonn nan timoun ebre yo.
Manman Moyiz te mete pitit li nan yon panyen nan mitan wozo bò larivyè a. Èske ou te konnen mo ebre yo itilize pou panyen sa a se menm mo yo itilize pou batiman Noye a? Mwen renmen koneksyon sa a! Nan de istwa yo, Bondye te pwoteje lavi ak yon senp veso.
Lè pitit fi farawon an wè Moyiz, Moyiz jwenn konpasyon kote li pa t' ap tann li. Menm kay ki te yon menas pou lavi l' la, se la li te jwenn pwoteksyon ak tout sa l' te bezwen.
Mwen santi se pa pitit nou yo sèlman nou bezwen mete nan panyen an, nou bezwen mete pwòp tèt pa nou nan panyen an tou!
Bondye ap pwoteje ou e L'ap ba ou sa ou bezwen lè laperèz ak ensètitid antoure nou.
Bondye mete apèl Li ak so Li sou ou. Okenn lènmi pa ka fè ou mal.
Bondye beni ou jodi a.
Refleksyon
Ki moun oswa ki sitiyasyon ki difisil pou ou mete nan men Bondye? Kisa ou ta renmen mande L jodi a?
Lapriyè
Papa, mwen mete tèt mwen ak moun mwen renmen yo nan panyen an. Menm si nou ta jwenn nou nan teritwa lènmi, mwen fè W konfyans W ap pwoteje nou e W ap ban nou sa nou bezwen. Mwen p'ap pè sa lènmi an vle fè. Mwen mete konfyans mwen nan Ou. Amèn.