Jou 29 sou 30
Pa pè lavni ou
Manman m' te travay lopital. Te gen yon dam yo rele Katie Burton li te konn al wè. Katie te pase anpil tan nan lopital Springdale pandan l' t'ap tann pou l' antre nan kay pou granmoun nan Baie Verte, si m' chonje byen. Mwen te gen privilèj pou m' te rankontre bèl fanm sa a.
Mwen te ri anpil lè m' te al wè Katie. Mwen te renmen pase l' nan betiz. Li te gen yon bèl sans imè. Mwen te toujou di tèt mwen, si m' viv rive gen laj li, mwen ta renmen gen menm atitid li! Li te rive viv plis pase 100 an.
Youn nan kantik Katie te renmen yo te rele Good Night and Good Morning. Men yon ekstrè:
Bonjou anwo a, kote Kris se Limyè a,
Bonjou anwo a, kote lannwit pa janm vini;
Lè n'a kite latè sa a pou n' antre nan bèl Syèl Bondye a,
N'a di « bòn nwit » isit, men « bonjou » anwo a.Lè jounen an ap fini, lè lonbraj nwa ap pwoche,
Avèk Kris toupre nou, mouri pa lanmò ankò;
L'ap siye chak dlo nan je, L'ap wete chak tèt chaje;
N'a di « bòn nwit » isit, men « bonjou » anwo a.
Mwen toujou oblije fè tèt mwen chonje lavi sa a se pou yon ti tan sèlman… tankou yon bwouya oswa yon vapè… li tèlman kout. Mond sa a se pa lakay mwen. Nou menm kretyen, nou pa gen anyen pou n' pè. N'a di mond sa a bòn nwit, epi n'a leve nan yon mond kè kontan ki p'ap janm fini, avèk Jezi! Ala yon bèl espwa nou genyen!
Pa pè lavni ou!
Bondye beni ou jodi a.
Refleksyon
Kisa ki pi ankouraje ou nan espwa pou ou avèk Jezi? Ki jan espwa sa a ka chanje jan w ap viv jodi a?
Lapriyè
Jezi, mèsi pou espwa lavi ki p'ap janm fini avèk Ou. Lè m' pè lavni, ede m' fè konfyans renmen Ou ak pwomès Ou yo. Moutre m' bay tan Ou ban mwen an valè, epi pataje renmen Ou ak moun ki bò kote m' yo. Amèn.