Jou 23 sou 30
Mirak
Lekti Bib la
38 Nou konnen tou ki jan Bondye te vide pouvwa Sentespri l' sou Jezi, moun Nazarèt la. Jezi mache nan tout peyi a, li t'ap fè byen, li t'ap geri tout moun ki te anba pouvwa Satan paske Bondye te kanpe avèk li.
Mwen kwè nan mirak! Mwen kwè Bondye ka chanje moun ak sitiyasyon yo yon fason ki depase lanati. Mwen wè mirak nan pwòp lavi pa m'.
Lè m' t'ap grandi, pye m' te konn vire, sa ki fè mwen te mache sou bò anndan soulye m'. Mwen te konn ize bò soulye m' yo nèt. Yon aswè, yon mesye priye pou mwen, e mwen santi yon bagay mwen pa t' janm santi anvan – mwen te santi yon bagay ki t'ap ajiste/rale nan janm mwen. Rezilta a, mwen te kòmanse mache yon lòt jan. Kounye a, se ak difikilte pou m' ize yon pè soulye! Se te yon mirak.
Epitou, lè m' t'ap grandi, papa m' te gen pwoblèm ak bwason ak sigarèt. Li te vle sispann vis sa yo, men li pa t' rive fè l' pou kont li. Yon swa, li te al nan yon reyinyon lapriyè nan Springdale, epi li bay Bondye lavi l'. Pastè a priye pou l' te delivre. Li tounen lakay li yon lòt moun! Kwè m', fanmi l' te wè sa! Li pa t' gen pwoblèm ak sigarèt ni ak bwason ankò apre sa.
Mwen kwè Bondye ka fè yon mirak pou ou. Gen lafwa. Fè L konfyans. Priye.
Bondye beni ou jodi a.
Refleksyon
Kisa Bondye fè nan lavi ou ou ka chonje ak rekonesans? Kisa ou ta renmen pote ba Li nan lapriyè jodi a?
Lapriyè
Seyè, mèsi pou tout fason Ou te travay nan lavi m'. Mwen pote ba Ou bezwen pa m' ak bezwen moun mwen renmen yo. Ede m' priye ak lafwa epi fè W konfyans pandan m'ap tann. Amèn.