Jou 22 sou 30
Bèl pawòl lavi
Lekti Bib la
16 Se sak fè mwen pa janm dekouraje. Menm si kò m' ap bese chak jou, lespri m' ap vin pi fèm chak jou tou. 17 Sa m'ap sibi koulye a, se yon ti soufrans ki la pou pase. Men, soufrans sa a ap pare pou mwen yon bèl pouvwa k'ap la pou tout tan, pouvwa ki depase ti soufrans sa a anpil. 18 Paske, mwen p'ap konsidere bagay moun wè, men bagay moun pa wè. Sa moun wè, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wè, se bagay ki la pou tout tan.
Mwen renmen Pawòl Bondye a. Bib la ban m' enspirasyon. Bib la ede m' konnen ki jan pou m' viv. Li ede m' jwenn chemen m' nan sitiyasyon ki konplike. Mwen wè konsèy ki nan Bib la mache. Li mache jan okenn lòt liv konsèy pa ka mache, paske Bib la se pawòl Bondye ban mwen. Imajine sa! Bondye ekri pawòl lavi pou m' li. Mwen pa ta dwe inyore sa Li gen pou L di.
Bib la ban m' yon lòt jan pou m' gade bagay yo. Li ede m' wè sitiyasyon nan lavi m' jan Bondye wè yo.
Pran pa egzanp traka ou ka genyen kounye a. Pou ou, petèt ou pa wè lè sa ap fini – ou pa wè limyè nan bout tinèl la, ni ti klète dèyè nyaj la. Petèt w ap eseye fè sa Bondye di ou fè, men ou dekouraje anpil. Petèt moun ap pale sou ou. Petèt w ap mande tèt ou poukisa ou nan plas kote ou ye a!
Lè m' li pasaj tankou sa yo, mwen gen espwa. Anpil fwa, li pa fasil pou fè sa ki byen. Li pa toujou fasil pou kanpe pou verite a. Souvan, li difisil pou obeyi sa Bondye di ou fè, paske souvan li ale kont kouran… ou pa sèlman kite dlo a pote ou.
Kèlkeswa pèsekisyon ak traka ou ka genyen jodi a, kanpe pou sa Bondye vle nan lavi ou! Si ou fè sa, w ap resevwa yon bèl rekonpans ki la pou tout tan!
Bondye beni ou jodi a.
Refleksyon
Ki pasaj nan Bib la ki te ba ou espwa nan yon moman difisil? Ki jan li ka ede ou wè sitiyasyon w ap viv kounye a?
Lapriyè
Papa, mèsi pou pawòl lavi Ou ban nou nan Bib la. Ede m' tounen vin jwenn Pawòl Ou pou sajès ak espwa. Lè m' dekouraje, ban m' fòs pou m' fè sa ki byen epi kenbe je m' sou sa ki la pou tout tan. Amèn.