Jou 24 sou 30
Lopital
Lekti Bib la
Jezi tande sa, li di yo konsa: -Lè yon moun an sante, li pa bezwen dòktè. Se moun malad ki bezwen dòktè. Enben, mwen pa vin rele moun k'ap mache dwat devan Bondye yo, men moun k'ap fè sa ki mal yo.
Yon lopital se yon kote moun malad ale pou yo ka refè. Moun k'ap travay lopital la fè tout sa yo kapab pou malad yo santi yo byen ankò.
Mwen kwè Legliz la ta dwe tankou yon lopital. Moun ki kraze, ki blese, ki pa pafè, ta dwe ka vin nan Legliz la pou yo resevwa èd yo bezwen – renmen, padon, gras, verite. Se t'ap yon foli si sal ijans lan ta refize yon moun antre paske l' malad! Menm jan an, se yon malè si Legliz la ta voye yon moun ale paske l' gen twòp pwoblèm oswa paske l' twò kraze. Annou pa koupab pou n' voye moun ale.
Moun ki kraze ki vin nan Legliz la pa ta dwe rete san moun pa okipe yo non plis. Mwen espere ou pa janm al lopital pou yo mete ou nan yon kwen epi bliye ou! Si yo pa okipe maladi moun nan, li ka mouri anvan lè. Malad yo bezwen dakò pran tretman ak renmèd yo bezwen. Malad yo ta dwe vle refè, e sa ka mande pou yo chanje jan yo viv oswa jan yo aji. Pafwa, gen pwoblèm ki byen mele ki bezwen regle.
Annou fè pa nou pou nou louvri pòt Legliz la epi akeyi moun ki bezwen èd ak gerizon!
Bondye beni ou jodi a.
Refleksyon
Ki jan ou ka ede yon moun k'ap soufri santi l' byen resevwa e santi gen moun ki pran swen l' nan legliz ou?
Lapriyè
Jezi, mèsi paske Ou akeyi moun ki kraze, moun ki nan bezwen. Ban m' yon kè ki gen konpasyon, epi ede m' bay renmen, gras ak èd ki konkrè. Montre m' ki jan pou m' fè plas pou lòt moun epi mache bò kote yo pandan y ap chache èd Ou. Amèn.