Jou 28 sou 30
Pa kouri ale
O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m'. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m' sa kenbe fèm. … Ofrann ki fè Bondye plezi, se lè yon moun soumèt tèt li devan li. Bondye, ou p'ap janm meprize moun ki soumèt tèt li devan ou, moun ki rekonèt tò li.
Kisa ou fè lè ou fin pran kèk move desizyon nan lavi? Pi vit ou repanti, se pi bon pou ou. Pi bonè ou kòmanse kouri al jwenn Bondye, olye ou kouri kite L, se pi fasil l'ap ye pou ou tounen sou bon chemen an. Li pi fasil pou pèdi 5 liv ou pa bezwen pase 50 oswa 100!
Ou bezwen konprann Bondye renmen ou toujou, menm si ou fin gate bagay yo. Li ka pran yon sitiyasyon ki sanble pa gen espwa epi vire l' lòt bò. Men pou L ka vire l', ou bezwen vire bò kote L!
Si ou pran kèk move abitid, « pa janm bouke kite ». Mande Bondye pou L ede ou kite. Ou ka rive ak fòs Li!
Gen moun ki ka fache lè ou eseye mete lavi ou an lòd ankò. Gen moun ki pa vle ou chanje ansyen fason ou. Yo vle ou rete kole nan menm twou a. Tanpri, chache moun ki va ankouraje ou mete lavi ou nan men Bondye. Chache moun ki va priye pou sitiyasyon ou. Se moun sa yo ou bezwen nan lavi ou lè ou vle tounen sou bon chemen an.
Bondye beni ou jodi a.
Refleksyon
Èske gen yon pati nan lavi ou ou bezwen pote tounen bay Bondye? Ki moun ki ta ka priye avè ou epi ankouraje ou pandan w ap fè pa sa a?
Lapriyè
Seyè, mèsi paske Ou renmen m' toujou, menm lè m' fè move chwa. Ede m' vire bò kote W, resevwa padon Ou, epi fè pa mwen bezwen fè yo. Ban m' fòs pou m' chanje ak imilite pou m' aksepte ankourajman ak èd. Amèn.