Jou 15 sou 30
Tout bagay travay pou byen nou
Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l', pou byen tout moun li te fè lide rele.
Move bagay rive toupatou bò kote nou. Move bagay rive nou menm tou. Se pa Bondye ki fè bagay sa yo rive. Bagay ki fè nou mal yo pa vle di Bondye sispann renmen nou. Nou gen yon ènmi, dyab la ak move lespri l yo, ki mete dezòd ak mechanste nan lemonn.
Bondye se yon Bondye ki bon. Li se yon bon Papa. L ap pran chak sitiyasyon nou travèse e fè byen soti ladan l.
Ann gade istwa Jozèf. Bondye te bay Jozèf gwo rèv. Frè l yo pa t renmen rèv Jozèf te rakonte yo. Okòmansman, yo te vle touye frè yo a, men finalman yo vann li kòm esklav. Imajine pwòp fanmi w vann ou!
E istwa a pa fini la! Yo te akize Jozèf pou yon krim li pa t fè. Yo mete l nan prizon. Li te la pandan plizyè ane!
Men, apre Jozèf te vin gen pouvwa nan peyi Lejip, li te di frè l yo:
Nou te moute konplo pou fè m' mal. Men Bondye fè sa tounen yon byen
Bondye fè tout bagay travay pou byen moun ki renmen l, moun li rele pou plan li!
Petèt w ap travèse yon sitiyasyon ki difisil anpil. Petèt ou te pase nan malè, relasyon ki kraze, doulè, dekourajman.
Ou mèt sèten, si w renmen Bondye e ou remèt li lavi w, l ap travay—menm lè w pa ka wè l. Nou ka pa konprann kijan oswa kilè, men nou ka fè l konfyans pou l fè byen soti nan sa n ap travèse, pou onè l ak glwa l.
Bondye beni w jodi a.
Refleksyon
Èske gen yon sitiyasyon difisil nan lavi w ou pa konprann? Kisa ki ankouraje w nan istwa Jozèf la? Pran yon ti moman pou w pote sitiyasyon w lan bay Bondye e mande l ede w fè l konfyans, menm pandan w ap tann.
Lapriyè
Papa, mèsi paske ou se yon bon Papa. Ou wè sa m ap travèse, e ou konnen kijan m santi m. Ede m fè w konfyans lè m pa konprann sa k ap pase oswa lè m pa ka wè yon chemen devan m. Ban m fòs pou jodi a e pasyans pandan m ap tann. Mwen mete sitiyasyon sa a nan men w. Fè byen soti ladan l, e se pou lavi m fè w onè e ba w glwa. Nan non Jezi, amèn.