Jou 16 sou 30
Ou ka konte sou Papa ou
Lekti Bib la
8 Seyè a va pran devan ou, l'a kanpe la avè ou. Li p'ap janm lage ou, li p'ap kite ou pou kont ou: Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen tranble.
Nou gen yon Papa nan syèl la ki bon anpil. Li pwomèt li p'ap janm kite nou. Li avèk nou nan gwo moman kè kontan yo. Li avèk nou tou nan pi move tanpèt lavi a.
Mwen chonje lè papa m' te mache avè m' rive devan lotèl la jou maryaj mwen. Se te yon moman ki te touche kè m' anpil. Mwen te sèten mwen t'ap pran yon bon desizyon. Bra nan bra, papa m' te mache avè m'. Papa te la, kanpe bò kote m'.
Lè m' te tifi, mwen chonje yon fwa nou te tonbe nan yon move tanpèt nèj pandan youn nan vwayaj nou yo pou Grand Bank. Yo te fèmen wout yo sou penensil Burin nan, e nou te oblije vire tounen lakay. Ou konnen wout la move nèt lè yon minit gen yon gwo kamyon devan ou, epi minit apre, kamyon an disparèt… li soti sou wout la. Papa m' te yon chofè ki konn kondui byen anpil. Li te kenbe machin nan byen nan men l'. Jan mwen chonje l', mwen pa t' gen okenn tèt chaje ni okenn kè sote. Papa te la, kanpe bò kote m'.
Nan tout sa, papa m' te la. Mwen te ka konte sou li.
Nan tout sa, Papa m' la. Mwen ka konte sou Li.
Pa janm bliye sa!
Bondye beni ou jodi a.
Refleksyon
Ki lè ou te santi Papa ou ki nan syèl la t'ap pran swen ou, nan yon bon moman oswa nan yon moman difisil? Kisa ou bezwen fè L konfyans pou li jodi a?
Lapriyè
Papa nou ki nan syèl la, mèsi paske Ou avè m' nan kè kontan ak nan tanpèt lavi a. Ede m' chonje mwen ka konte sou Ou. Kèlkeswa sa m'ap fè fas jodi a, ban m' konfyans nan jan Ou toujou fidèl pou pran swen m'. Amèn.