Jou 17 sou 30
Bondye pi pre ou pase souf ou
38 Paske, mwen gen lasirans anyen pa ka fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou: ni lanmò, ni lavi, ni zanj Bondye yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, ni bagay ki la jòdi a, ni sa ki gen pou vini pita, 39 ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki anba tè a. Non. Pa gen anyen nan tout kreyasyon Bondye a ki ka janm fè nou pèdi renmen Bondye fè nou wè nan Jezikri, Seyè nou an.
Mwen t'ap travay kòm pwofesè franse nan yon lekòl nan St. John’s. Yon jou, manman m' rele m' san m' pa t' atann. Li di m' papa m' te fè yon kriz kè, e yo te mennen l' lopital Grand Falls. Lè Steve avè m' rive lopital la, yo te gentan estabilize papa m'. Ala soulajman!
Men, yon jou byen ta nan nwit, yo rele nou pou di nou li te vin pi mal.
Mwen chonje lè m' antre nan chanm lopital li a, mwen te wè kè l' t'ap bat fò anpil. Mwen te ka wè pwatrin li k'ap monte desann, tèlman kè l' t'ap bat vit. Mwen te pè anpil pou l' pa mouri. Mwen chonje mwen te di pawòl sa a sou papa m': « Non, mwen p'ap mouri. M'a viv! M'a rakonte sa Seyè a fè pou mwen. » (Dapre Sòm 118:17, Bib La.)
Mwen kontan anpil pou m' di nou papa m' te refè apre eprèv sa a!
M'ap rakonte istwa sa a poutèt yon bagay papa m' te pataje avè m' apre sa. Mwen chonje mwen te mande l' si l' te pè mouri. Li di m' li pa t' pè.
Li te ede m' konprann yon gwo verite – li di m', menm si li pa t' sèten l'ap ka rale yon lòt souf, li te sèten Bondye te la avè l'. « Bondye pi pre ou pase souf ou menm! »
Verite sa a konsole m' lè m' pè. Èske ou janm tande chante He’s as Close as the Mention of His Name Gordon Jensen ekri a? (Tit la vle di « Li pre ou menm jan ak lè ou di non L ».) Mwen kwè Li pi pre pase sa ankò. Bondye la menm lè nou pa ka di yon mo. Bondye la menm lè pa gen pwochen souf ankò!
Menm lanmò pa ka separe ou ak renmen Bondye! Gen kè poze konsa, se yon bagay ki pa gen pri.
Bondye beni ou jodi a.
Refleksyon
Ki lè ou te santi ou pè oswa ou pa t' jwenn mo pou priye? Kisa sa vle di pou ou, lè ou konnen Bondye pre ou?
Lapriyè
Papa, mèsi paske Ou pre m', menm lè m' pa jwenn mo pou m' priye. Lè m' pè, fè m' chonje jan Ou renmen m'. Ede m' fè konfyans prezans Ou nan chak moman ki pa klè. Amèn.