Jou 20 sou 30
Beki
Apiye, apiye,
An sekirite, lwen tout danje;
Apiye, apiye,
Apiye sou bra ki la pou tout tan yo.
Gen moun ki di Bondye se yon beki. Yo panse se moun ki fèb sèlman ki bezwen Bondye. Se sèlman moun ki pa entelijan ki konte sou yon Bondye yo pa ka wè ni manyen.
Èske yon beki se yon move bagay? Janm ou kase, ou pa ka mache. Kisa ou fè? Ou pran yon pè beki pou ou ka deplase. Beki yo ba ou estabilite, yo pèmèt ou mache. Mwen panse se t'ap yon bètiz si m' te chita lakay mwen ak janm kase m' lan san m' pa sèvi ak pè beki sa yo… Mwen pi byen ak beki yo!
Sa m' vle di a, se ke pou kont mwen, mwen fèb. M'ap rekonèt sa. Mwen kraze. Mwen gen defo. Mwen se pechè. Mwen konn pè. Lis la long.
M'ap di l' byen fò: mwen bezwen Bondye! Mwen pa ka rive san Li. Mwen pa vle viv lavi a san Li. Kidonk, si ou panse mwen fèb poutèt sa, se pa pwoblèm. Mwen bezwen beki sa a. Mwen bezwen L mache avè m' nan vwayaj yo rele lavi a. (Pafwa, mwen bezwen L pote m'!) Mwen bezwen sipò Li. Mwen bezwen fòs Li ban mwen an.
Gen yon ansyen ti kantik yo rele I Don’t Know What I Would Do Without the Lord (« Mwen pa konnen sa m' t'ap fè san Seyè a »). E pou di ou verite, se egzakteman sa m' santi!
Bondye beni ou jodi a.
Refleksyon
Ki kote ou bezwen fòs Bondye jodi a? Ki jan sa ta ye pou ou depann de Li nan pati sa a nan lavi ou?
Lapriyè
Seyè, mwen bezwen Ou. Mèsi paske mwen ka vin jwenn Ou ak feblès mwen ak laperèz mwen. Ede m' konte sou fòs Ou epi resevwa sipò Ou. Mache avè m' nan chak pa, epi pote m' lè m' pa ka kontinye pou kont mwen. Amèn.