Jou 21 sou 30
Bondye avè m'
Manman m' te mennen m' legliz depi m' te tou piti. Mwen te mande Jezi pou L vin Sovè m' lè m' te tifi. Lè m' te adolesan, mwen te sèvi Seyè a. Mwen te al inivèsite. Seyè a te ale avè m'. Mwen marye, mwen fè yon pitit gason. Bondye se zanmi fidèl mwen. Bondye avèk nou nan maryaj nou.
Mwen vin rann mwen kont mwen pa konnen ki jan lavi ye san Bondye ladan l'. M'ap ale pi lwen toujou: mwen pa vle viv lavi m' san Bondye ladan l'!
Bondye pa yon moun mwen al wè dimanch maten sèlman. Li la avè m' 24 è sou 24, 7 jou sou 7. Objektif mwen se mete L nan chak pati nan lavi m'… kite L Seyè tout bagay.
Mwen lage tout bagay bay Jezi,
Mwen bese tèt mwen nan pye L ak imilite;
Mwen kite tout plezi lemonn,
Pran m', Jezi, pran m' kounye a.
Bondye beni ou jodi a.
Refleksyon
Ki pati nan lavi ou chak jou ou ta renmen lage pi plis nan men Jezi?
Lapriyè
Jezi, mèsi paske Ou avè m' nan chak pati nan lavi m'. Ede m' lage tout desizyon m', tout relasyon m' ak tout plan m' nan men Ou, Seyè. Mwen ofri W kè m' ak tout sa mwen ye. Se pou W Seyè tout bagay. Amèn.