Jou 19 sou 30
Bondye pote chay nou
Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l'ap pran swen nou.
Lè m' te pi jenn, mwen te konn al lapèch ak papa m' ak frè m' yo. Èske ou konnen ki jan sa ye lè yon gwo pwason mòde nan zen ou? Mwen konnen. Omwen, mwen te kwè se te yon gwo pwason. Twò gwo pou m' ta rale l'! Papa te konn vin sove m', li rale pwason an monte pou mwen.
Menm jan papa m' te konn rale pwason an pou mwen, nou bezwen kite Bondye pote chay nou pou nou. Bondye pa vle nou pote chay la pou kont nou. Se pa yon siy feblès lè ou renmèt li bay Bondye. Mwen kwè se yon siy ki montre nou konnen limit nou kòm moun. Se Li sèl ki ka fè nou travèse tout boulvès ak tout kriz lavi sa a.
Pale ak Bondye sou pwoblèm ou yo. Depi ou santi ou nan detrès, ou pa gen moral, ou gen kè sote, ou depase, ou pa konprann anyen, fè L konnen sa. Pran yon randevou ak Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, epi pale avè L sou tout sa ki sou kè ou (Ezayi 9:6).
Mwen dakò ak moun ki te ekri kantik sa a lè li te ekri pawòl sa yo:
Ala yon zanmi nou genyen nan Jezi,
Ki pote tout peche nou ak tout lapenn nou!
Ala yon gwo privilèj pou nou pote
Tout bagay bay Bondye nan lapriyè!
O, konbyen fwa nou pèdi kè poze nou,
O, konbyen doulè nou soufri pou granmesi,
Tout sa paske nou pa pote
Tout bagay bay Bondye nan lapriyè!Èske nou gen eprèv ak tantasyon?
Èske gen traka yon kote?
Nou pa dwe janm dekouraje—
Pote l' bay Seyè a nan lapriyè.
Èske nou ka jwenn yon zanmi ki fidèl konsa,
Ki va pataje tout lapenn nou?
Jezi konnen chak feblès nou;
Pote l' bay Seyè a nan lapriyè.
Nou pote tout bagay nou yo… doulè nou, peche nou, lapenn nou, tèt chaje nou, epi nou pa menm bezwen fè sa! Ba Li tout bagay ou yo. Lage tout bagay ou yo sou Li. Li renmen ou tèlman, Li vle pote yo pou ou!
Bondye beni ou jodi a.
Refleksyon
Ki chay w ap pote jodi a? Kisa ou ta renmen di Papa ou ki nan syèl la sou sa?
Lapriyè
Papa, mèsi paske mwen ka pote tout chay mwen ba Ou. Jodi a mwen lage tout tèt chaje m', tout chay mwen, tout traka m' ak tout enkyetid mwen sou Ou, paske Ou pran swen m'. Ede m' pale ak Ou san kache anyen sou sa k'ap trakase m', epi fè konfyans jan Ou pran swen m'. Ban m' sajès ak fòs pou sa m'ap fè fas jodi a. Amèn.