Jou 5 sou 30
Kite l pote chay ou
Lekti nan Bib la
Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou. 29 Pran jouk mwen, mete l' sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze. 30 Paske, jouk m'ap ban nou an fasil pou pote, chay m'ap ban nou an pa lou.
Se pa yon bagay ki dwòl nan Newfoundland pou w leve yon maten epi jwenn yon pakèt nèj devan lakay ou. Mwen sonje yon fwa machin pou retire nèj nou an pa t ap mache byen. Li t ap yon gwo goumen pou n retire tout nèj sa a ak yon pèl sèlman! Epi vwazen nou an te pase ak gwo traktè li a, li netwaye tout antre a.
Mwen panse se yon bon egzanp pou montre jan Bondye ye… Li tèlman bon nan netwaye chemen nou… nan fè kote ki graje vin lis e kote ki koube vin dwat.
Gen nan nou ki toujou deyò a ap eseye fè tout bagay pou kont nou ak ti pèl nou an. Kite l pote chay ou. Kite l pote fado a. Kite l louvri chemen an.
Bondye beni w jodi a.
Refleksyon
Ki chay w ap eseye pote ak pwòp “ti pèl” pa w? Pran yon ti moman pou w nonmen l e pote l bay Jezi.
Lapriyè
Jezi, mèsi paske ou envite m vin jwenn ou lè m bouke. Ou konnen chay m ap pote a. Ede m pote l ba ou, resevwa èd ou, e aprann nan men w. Moutre m repoze nan swen ou pandan m ap fè pwochen pa a. Amèn.