Jou 8 sou 30
Eritaj
Lekti nan Bib la
Pòl ap pale ak Timote, li di:
Mwen pa janm bliye jan ou gen konfyans nan Bondye ak tout kè ou. Lòyis, grann ou, ak Enis, manman ou, te gen konfyans konsa nan li tou. Wi, mwen sèten ou gen menm konfyans sa a tou.
Grann mwen, Nellie Farwell, te renmen fè makèt. An reyalite, mwen kwè se nan men l mwen eritye jèn sa a. Li te renmen ranmase tas ak soukoup an pòslèn. Tas sa yo te pase bay manman m ak twa sè l yo. Chak nan yo gen anpil moso nan koleksyon an.
Kòm paran, mwen vle pase bon bagay bay pitit mwen. Mwen renmen sakamen ak rad anpil, men mwen pa kwè pitit gason m ta renmen yo twòp. Men sa m ta renmen pase ba li, se yon eritaj ki chita sou Bondye. Mwen vle l konprann jan li enpòtan pou w fè Bondye konfyans e viv lavi w pou li chak jou. Si m ka fè sa, mwen kwè wòl mwen kòm manman l ap yon gwo siksè!
Deside nan kè w jodi a pou w yon egzanp ki fè Bondye plezi pou moun ki bò kote w. Sa ka pitit pitit ou, elèv ou, kòlèg travay ou, fanmi w, zanmi w. Pa viv tankou moun fou. Gen bon konprann!
Bondye beni w jodi a.
Refleksyon
Kisa w ta renmen pase bay moun ki gade sou ou kòm egzanp? Kouman ou ka montre yo sa sa vle di pou w fè Bondye konfyans?
Lapriyè
Papa, mèsi pou moun ki te montre m sa lafwa ye. Ede m vin yon egzanp ki fè w plezi pou moun ki bò kote m. Se pou pawòl mwen ak aksyon m ankouraje lòt moun pou yo fè w konfyans e viv pou ou. Amèn.