Jou 9 sou 30
Aprann nan erè w
Lekti nan Bib la
Se pou pawòl ki nan liv lalwa a toujou nan bouch ou. Se pou w'ap kalkile yo nan tèt ou lajounen kou lannwit, pou ou ka viv dapre sa ki ekri nan liv la. Se konsa w'a mennen bak ou byen. Tout zafè ou va mache byen.
Se pa paske w echwe ki fè w se yon moun ki echwe. Lè w echwe, ou bezwen egzamine kote w te mal pran l e ranje pwoblèm nan pou w pa kontinye echwe. Ou bezwen aprann nan erè w e eseye pa peze bouton “repete” a!
Anplis, mwen kwè li enpòtan pou n aprann nan erè lòt moun. Ou pa bezwen aprann bagay yo nan fason ki di a – si w te wè yon moun ki te fè gwo erè, èske w pa ka aprann nan sa? Mwen kwè ou kapab.
Ou ka evite fè erè tou lè w li sajès ki nan Bib la. Liv Pwovèb plen sajès. Li Bib la, medite sou li e aplike l… se yon bèl fason pou evite anpil tèt chaje ak boulvèsman nan lavi. Se chemen siksè ki soti nan Bondye.
Siksè ka pou ou!
Bondye beni w jodi a.
Refleksyon
Kisa w te aprann nan yon erè? Ki sajès nan Pawòl Bondye ki ka ede w fè yon lòt chwa pwochen fwa?
Lapriyè
Papa, mèsi paske yon echèk pa oblije defini lavi m. Ede m aprann, aksepte koreksyon, e fè bon chwa. Moutre m mete Pawòl ou an pratik olye pou m repete menm erè yo. Amèn.