Jou 25 sou 30
Sa ou fèt pou fè
Lekti Bib la
Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l' la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.
Sa gen kèk ane, mwen t'ap gade Celine Dion k'ap chante nan televizyon. Pandan l' t'ap chante, mwen chonje m' te panse fanm sa a fèt pou chante! Mwen chonje tou mwen te fè yon priyè ki danjere anpil jou sa a – mwen te di Bondye mwen vle fè sa m' fèt pou fè.
Mwen kwè bagay yo te kòmanse chanje nan lavi m' apre sa.
Mwen lanse ou yon defi jodi a: chache Bondye ak tout kè ou. Se yon bagay ki gen anpil pouvwa lè ou priye Bondye ki mèt tout linivè a epi ou di L: « se pa volonte m' ki pou fèt, se volonte pa ou. » (Lik 22:42, Bib La, ekstrè) Kite L sèvi avè ou pou fè sa ou fèt pou fè!
Bondye vle ou akonpli plan Li genyen pou lavi ou!
Bondye beni ou jodi a.
Refleksyon
Ki don oswa ki dezi ou ta ka pote bay Bondye nan lapriyè? Ki pa ou ta ka fè pandan w ap chache volonte L pou lavi ou?
Lapriyè
Papa, mwen vle fè sa Ou rele m' pou m' fè. Ede m' chache W ak tout kè m' epi lage plan m' yo nan men Ou. Ban m' kouraj pou m' swiv kote Ou mennen m' epi sèvi ak don Ou ban mwen yo. Amèn.