Jou 26 sou 30
Grandi nan Bondye
26 Koulye a, frè m' yo, chonje ki kalite moun nou te ye lè Bondye te rele nou. Pa gen anpil nan nou ki gen bon konprann dapre sa lèzòm rele bon konprann, pa gen anpil grannèg, ni anpil moun gran fanmi. 27 Se konsa, Bondye chwazi moun lèzòm konsidere tankou moun sòt pou l' fè moun ki gen bon konprann yo wont. Li chwazi moun lèzòm konsidere tankou moun ki fèb pou l' fè grannèg yo wont. 28 Li chwazi moun lèzòm gade pou anyen, moun yo meprize, moun ki pa menm egziste pou yo, pou li te ka kraze sa ki gen enpòtans pou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn. 29 Konsa, pa gen moun ki ka fè grandizè devan Bondye.
Petèt ou deside ou pral fè kèk chanjman pou lavi ou ka pi bon. Petèt ou pral manje pi byen oswa fè plis egzèsis. Petèt ou deside li yon liv ki pa fasil, oswa menm pran kou pou aprann fè yon bagay tou nèf.
Pifò nan nou konnen, pou kò nou an sante, nou bezwen fè egzèsis, manje bon manje ki nouri epi pran ase repo. Ou bezwen wè tou, pou ou an sante nan lespri ou, ou bezwen swiv kèk prensip. Touswit, ou petèt ap panse ou bezwen priye, li Bib la oswa al legliz pi souvan. Se bon bagay pou fè! Men, mwen ta ankouraje ou ale pi lwen epi kòmanse fè plis egzèsis – nan lespri ou, si m' ka di l' konsa.
Petèt w ap mande tèt ou ki jan pou fè sa. Pran prensip ou te aprann yo, epi kòmanse aplike yo nan lavi ou chak jou. Kòmanse piti. Pa egzanp, petèt yon moun te blese ou. Chak fwa ou wè moun sa a, vant ou sere epi ou reviv sa li te di ou oswa sa li te fè ou ki te fè ou mal konsa. Ou konnen ou sipoze renmen lènmi ou, men ou pa rive fè pwogrè nan bagay sa a. Konsèy mwen ta ba ou, se kòmanse priye pou moun ki te blese ou a. Lè ou fin priye pou moun nan regilyèman, li p'ap rete lènmi ou lontan. Kwè m'. Yon bagay pral pase nan kè ou, epi ou pral santi chenn doulè ak chenn san padon yo ap tonbe sou ou. Rezilta final la, se w ap vin pi sanble ak Kris. Se rezilta sa a nou vle. Gen nan nou ki fin bay vag efò pou chanje – nou te eseye di anpil anvan pou nou chanje, e nou santi nou echwe nèt.
Men, gen espwa pou tout moun! Bondye mete nan kè m' pa gen okenn rezon ki fè Li pa ta ka sèvi ak moun òdinè tankou ou pou fè bagay ekstraòdinè!
Pa gen moun yo rejte nan Peyi Wa Bondye a. Pa gen moun yo bay vag. Pa gen moun yo jete.
Avèk fòs ak èd Bondye, ou ka fè gwo bagay!
Bondye beni ou jodi a.
Refleksyon
Ki prensip nan Bib la ou ta ka kòmanse mete an pratik jodi a? Ki ti pa ou ta ka fè?
Lapriyè
Seyè, ede m' mete Pawòl Ou an pratik. Ban m' kouraj pou m' kòmanse ak ti pa, ak fòs pou m' kontinye grandi. Mèsi paske Ou ka travay nan moun òdinè tankou mwen. Amèn.