Jou 27 sou 30
Woz yo wouj
9 Sò mwen, bèl nègès mwen,
ou annik gade m' yon fwa, ou fè m' pèdi lòlòj mwen.
M' annik wè yonn nan bèl ti chenn nan kou ou yo,
m' pèdi tèt mwen.
10 Ala dous karès ou yo dous,
sò mwen, bèl nègès mwen!
Karès ou yo pi dous pase siwo myèl.
Sant kò ou pi bon pase tout kalite fèy santi bon.
Steve pa sa ou ta rele yon gwo womantik. Premye randevou nou se te yon randevou a kat. Mwen p'ap di non lòt koup la. Mesye yo te deside fè manje pou medam yo. Gwo meni chèf la: pitza ak Jello… Se pa blag m'ap fè… Pandan yo t'ap sèvi pitza a, tout sa ki te sou li glise sot sou pat la, epi Jello a pa t' pran.
Nan yon moman pandan aswè a, Steve ban m' yon woz. Nou te nan onzyèm ane, e Steve te fè yon travay rechèch sou kouch ozòn nan. Sou ti kat ki te tache ak woz mwen an, te gen pawòl powezi sa yo, Steve li menm te ekri:
Woz yo wouj
Vyolèt yo ble
Lè kouch ozòn nan kraze
Flè sa a ap mouri
Ki moun ki bezwen William Shakespeare lè ou ka ekri bèl bagay konsa ou menm? Kounye a ou konprann poukisa m' pa t' ka reziste cham li!
Èske ou konnen yo konpare relasyon ant Jezi ak Legliz la ak relasyon yon mari ak madanm li? Jezi se mari a. Nou se lamarye Li. Imaj renmen ki pentire ant lamarye sa a ak mari l' la bèl anpil.
Jezi damou pou lamarye Li. Li pwouve renmen Li ak pawòl Li ak sa Li fè. Pran tan pou li pi gwo istwa renmen ki janm ekri. Eseye konprann konbyen Li renmen nou!
Mesye, petèt sa ap menm enspire nou ekri kèk bèl ti vè!
Bondye beni ou jodi a.
Refleksyon
Ki jan Jezi te montre ou renmen Li? Kisa ki ede ou konprann jan Li renmen pèp Li a anpil?
Lapriyè
Jezi, mèsi paske Ou renmen pèp Ou a anpil konsa. Ede m' konprann plis jan Ou renmen nou, epi reponn ak yon kè ki rekonesan. Se pou pawòl mwen ak sa m' fè fè lòt moun wè renmen Ou. Amèn.